Postagens

Mostrando postagens de setembro, 2017

Memwa nou kout anpil

Imagem
                Memwa nou kout anpil Memwa nou kout anpil, anpil.Nou fè tout bagay ak pasyon epi ak emosyon. Nou pa panse  avann aji.Malgre n ap soufri, malgre devan zwe kominote entènasyonal la nou pa vo  anyen menm menm, malgre ayisyen al pase mizè nan lòt peyi, nou santi n  fyè de piyajè yo,nèg k ap travay kont avansman peyi a. Malgre yo klase Ayiti pi pòv nan Amerik Latin nan, nou pa janm fè  okenn jefò pou n sòti nan eta kritik nou ye a.  Sanm pa site non pyès moun, anpil depite/ senatè/prezidan, etc. fè nou wont, nou toujou prè pou vote pou yo, menm si n vin pi mal, menm si yo vyole konfyans nou, yo vote kont enterè nou. Wi! memwa nou kout anpil! Lè n reflechi, fòn wè kòman eskanp figi peyi dayiti ap depafini, peyi a pa bon menm. Anpil politisyen tout tan ap voye  monte, fè pale anpil ki p ap regle anyen nan devlòpman peyi a. Si n se ayisyen konsekan,  fòk nou wont de eta peyi a ye a. ...