Memwa nou kout anpil

                Memwa nou kout anpil


Memwa nou kout anpil, anpil.Nou fè tout bagay ak pasyon epi ak emosyon. Nou pa panse avann aji.Malgre n ap soufri, malgre devan zwe kominote entènasyonal la nou pa vo anyen menm menm, malgre ayisyen al pase mizè nan lòt peyi, nou santi n  fyè de piyajè yo,nèg k ap travay kont avansman peyi a. Malgre yo klase Ayiti pi pòv nan Amerik Latin nan, nou pa janm fè okenn jefò pou n sòti nan eta kritik nou ye a. 

Sanm pa site non pyès moun, anpil depite/ senatè/prezidan, etc. fè nou wont, nou toujou prè pou vote pou yo, menm si n vin pi mal, menm si yo vyole konfyans nou, yo vote kont enterè nou. Wi! memwa nou kout anpil!

Lè n reflechi, fòn wè kòman eskanp figi peyi dayiti ap depafini, peyi a pa bon menm. Anpil politisyen tout tan ap voye monte, fè pale anpil ki p ap regle anyen nan devlòpman peyi a. Si n se ayisyen konsekan, fòk nou wont de eta peyi a ye a. Anpil gwoup vle fè opozisyon san yo pa janm fè okenn pwopozisyon. Nan bon sans, si w vle opoze, fòk ou pwopoze.

Pou peyi a ta avanse, fòk reprezantan nou yo ta reprezante n valableman. Zafè kolòn ki bat la li ta dwe fini.

Men yon plan ijans: 
Diminye sou bidyè palè nasyonal ak primati a, palman ayisyen an pou m ta rive mete Ayiti nan yon pwojè/pwogram ijans diran yon 2 lane pou pipiti pou m ta rive ede peyi a nan bon sans. Gen lajan nan peyi dayiti,men lajan yo ap mal gaspiye.
Egzanp:

Poukisa yon depite/senatè/presidan resevwa tout avantaj sa yo?

Si yo te fè travay, èske peyi a t ap jan l ye?

Poukisa yo gaspiye bann lajan pou achte machin chè pou depite/senatè/presidan pandan se tan peyi a bezwen lajan?

Poukisa tout taks ak enpo ap ogmante epi pa gen kote pou moun yo travay? 
Ki kote moun ap jwenn lajan pou w peye taks sa yo k ap ogmante a?

Poukisa nou pa janm ka rive satisfè pèp la?

Gouvènman aktyèl la te toujou di ke l pral travay pou amelyore kodisyon vi tout ti malere.Ebyen nou tout ka wè vre ke gouvènman an ap travay pou nou padan l ap ogmante pri paspò, pri lisans pou w kondi machin, pri pou w legalize diplòm Bac I ak II,etc.

Pa gen travay, ki kote moun yo pral jwenn lajan pou yo peye tout ogmantasyon sa yo?
Pèp la pa dwe aksepte sak p ap bon pou li.Pèp la pa dwe aksepte bagay ki p ap itil li anyen.Pèp la pa dwe obeyi jan de bagay sa yo k ap detwi nou plis ke jann ye a.

Nou antreve! Nou antrave!Nou antrave!



Men kèk bagay kite ka itil Ayiti:

1)Yon pwogram ijans pou 10 depatman peyi a, pou ede popilasyon an amelyore kondisyon vi yo. Ayiti ap soufri se pa plede fè deba k ap itil peyi a. Nou dwe mete men nou nan pat la, kounye a menm...

Kòman sa ap rive fèt?
  •     Diminye salè depite, senatè, prezidan,tout minis ak tout diretè general. Pran lajan sa yo pou kreye antrepriz.
  •      Achte machin tou senp pou depite, senatè, prezidan,tout minis ak tout diretè general. Pran lajan sa yo pou fè bom sant sante ak dlo potab.
  •       Zafè kat telefòn pou depite, senatè, prezidan,tout minis ak tout diretè general koupe sa. Lajan pou biwo yo, diminye sa. Lajan pou yo afèmen kay nan kapital la, retire sa.
  •       Bann depans pou vwayaj,diminye yo.  
  •      Lajan pou fèt fen ane, fèt patwonal,antre lekòl, etc, diminye yo.


2) Ankadre Meri yo ak tout ASEK ak KASEK yo. Se yon menm ki prè popilasyon na, yo merite anpil ankadreman.Nou meprize yo pou n valorize parle e ment yo.

3) Fòme yon lame  ki pou defann peyi a epi kontwole fwontyè yo ak lamè yo.

4) Mete yon tribinal siperyè pou aprè manda yon moun fini nan yon fonksyon piblik, pou moun sa a al reponn kesyon pou wè si l pran lajan leta ki p at pou li. 

5) Mete yon KEP pèmanan pou fè eleksyon san patipri. Anpil moun ap achte eleksyon paske yo konnen depi yo rive an fonksyon, yo pral fè gaspiyaj. Tout sa yo se bagay ki fè peyi a pa ka fè yon pa an avan. Anpil dezòd nan zafè eleksyon k ap fèt nan peyi a.

6) Refè konstitisyon 29 mas 1987 la, li manke anpil anpil bagay enpòtan. Yon senp egzanp, pa gen kritè pou yon kandida pou prezidan. Nenpòt moun fou ka poze kandida pou prezidan an Ayiti.

7) Entegre jenès la nan tout bagay k ap fèt nan sosyete a. Mete konpetans na evidans paske devlòpman sa fèt ak moun lespri.

8) Modifye sistèm edikatif nou an. Nou nan XXIe syèk, syèk evolisyon syantifik.Nou anrete anpil nan zafè teknolji a nan sistèm nou an. Menm pou n fè eleksyon nou ka elimine zafè vye bout papye sa a , pou m mete vòt elektwonik. Lè sa a n ap rive bay rezilta eleksyon an menm jou a, san n pa bezwen yon mwa oubyen de mwa.

9) Desantralize peyi a. Chak depatman kapab granmoun lakay li men san desantralizasyon an sa p ap rive fèt.

10) Pran swen tout pwatrimwàn kiltirèl nou yo. Menn jan y ap pale de Tour Eiffel, yo ka pale de Sitadèl la tou wi.

11) Konbat ensekirite a k ap fini ak peyi a. Fè dezameman.Lè n pran zam yo fòk nou pa pote yo bay bandi yo ankò.

12) Bay polis nasyonal plis ekipman pou yo ka fè travay yo jan yo dwe fè l.

13) Respekte ke n se yon pèp lib, se pa kado blan te fè nou, se san zansèt nou yo kite koule.Konnen ke n granmoun, la souveraineté nationale.

14) Ayiti bezwen plis pratik ke teori. Se travay pou n travay,se pa sèlman fè bèl diskou.

15) Fè edikasyon ak tout deba an kreyòl.Nou gen yon sèl lang ofisyèl ki rele KREYÒL.
Tout ayisyen pale lang manman yo ak lang papa yo, men tout ayisyen pale lang la frans la.Pèp la pa pale fransè.Si w ap defann popilasyon an, si w ap fè lwa ak vote lwa nan non nou, fòk ou pale lang nou pou n ka konprann sa  k ap diskite yo. Elas!nou retire chèn esklavaj la nan pyen epi n mete l nan mantalite nou!





Winzord Louisia
Sociologue et Téologien,
Yon ayisyen ki vle wè peyi l devlope



Comentários

Postagens mais visitadas deste blog

Poukisa Jezi te mouri?

A escola com que sonhamos é aquela que assegura a todos a formação cultural e científica profissional e cidadã. Jose Carlos Libâneo