Poukisa Jezi te mouri?

POUKISA JEZI TE MOURI?


Resultado de imagem para jesus na cruz

Anpil moun pè pale de lanmò!Anpil moun pè lanmò! Jezi p at replike, li p at pè pou l te mouri nan plas mwen menm ak nan plas ou. 

Lanmò Jezi se yon bagay ki gen anpil valè paske lanmò sove nou. Nan kwa a, Jezi eye Pèn de tout peche nou yo.Li te mouri nan plas nou se paske renmen nou.Jezi te ofri pou l te mouri nan plas nou. Li te soufri anpil sou kwa a, men li te deside passe tout mati sa yo paske l renmen nou anpil anpil. Kounye a tout moun ki kwè nan Jezi tankou sovè yo, yo lib de peche.

Gen anpil vèsè nan Bib la ki moutre n ke lanmò te gen yon objektif pou Jezi te mouri. Jezi te mouri pou l te ka padone peche pa m, peche pa w ak peche pa nou tout ansanm. Bondye te voye sèl pitit ske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p ap pedi lavi yo. Okontrè y a gen lavi ki p ap janm fini an.

Jan 15:13. Pa gen pi bon jan pou ou moutre jan ou renmen zanmi ou pase lè ou bay lavi ou pou yo. 



JEZI TE MOURI POU PADONE PECHE NOU YO

Selon sa ki ekri nan Bib la, Jezi te mouri pou padone peche nou yo.Tout pèn nou te dwe sibi, te tonbe sou Jezi.Li p at janm plede inosans li, li te dakò san l p at janm fè rebèl.

Men sa ekri nan Liv Izayi 53:5-11.
 Men, se pou peche nou kifè yo te mete san l deyò konsa. Se akòz mechanste nou kifè yo te kraze l anba kou konsa. Chatiman ki te pou nou an se sou li  li tonbe. Se konsa li ban nou kè poze. Avèk tout kou li te resevwa yo, li ban nou gerizon.

Nou te tankou mouton ki te pèdi bann, chak moun bò pa yo. Men, chatiman ki pou te tonbe sou nou an, Seyè a fè l' tonbe sou li.

Yo te maltrete l, men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y ap mennen labatwa, li pa t janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y ap taye lenn sou do l, li pa t janm louvri bouch li di anyen.


Yo pran l, yo mete l nan prizon, yo trennen l tribinal. Pa t gen pesonn pou te pran ka l, lè yo wete l nan mitan moun k ap viv sou tè a. Se pou peche pèp mwen an yo te touye l.


Atout li pa t janm fè ankenn krim, yo antere l menm kote ak mechan yo. Atout li pa t janm kite manti soti nan bouch li, yo mete l nan yon kavo nan mitan tonm moun rich yo.

Men, se te volonte Bondye pou yo te kraze l anba soufrans konsa, pou l te bay lavi li pou Bondye te ka padonnen peche nou yo. Li a wè pitit pitit li yo. Li a viv pi lontan oujou. Se konsa travay Seyè a va mache byen nan men l.

Apre tout soufrans sa yo, l a jwenn kè kontan ankò. L a konnen li pa t soufri pou gremesi. Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l. L a fè Bondye fè yo gras.


VRÈ LANMOU AN OUBYEN LANMOU TOUT BON AN

Lè n pale de lanmou tout bon an, nou vle pale de lanmou ke Bib la dekri nan 1 Korint13 la kote l di n ke moun ki gen lamou, li gen pasyans, li gen bon kè. Li pa anvye sò moun. Li pa nan fè grandizè. Li pa nan moute kòlèt sou moun.Lamou pa fè anyen pou fè moun wont. Lamou pa chache avantaj pa li. Li pa fè kòlè, li pa kenbe moun nan kè. Lamou tout bon pa pran plezi nan fè sa ki mal. Tout plezi li, se nan sa ki vre.

Vèsè kle ki pale de vrè lanmou an tou se Jan 3:16ki di konsa: Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p ap pedi lavi yo. Okontrè y a gen lavi ki p ap janm fini an.

Nan lanmou sa a nou ka di ke zafè enterè pèsonèl la p at egziste paske ni Bondye, ni Jezi p at gen pwòp zafè pa yo ke yo t ap defann. Se paske Bondye renmen mwen menm ak ou. San Jezi ki te vèse sou bwa kalvè a, nan mitan malfetè yo, se rezilta padon peche nou.


Ebyen, pou nou tout k ap sèvi Bondye, nou dwe konprann sa e nou dwe valorize san Jezi ki te koule pou nou. 

Èske prè pou w ta kite yo touye w pou peche yon lòt moun? 
Si w te nan plas Jezi, ou t ap chwazi mouri san w pa replike?
Ou konn poukisa Jezi te mouri ou menm menm?
Ou santi w gen Jezi nan la vi w ?

Menm jan nou kwè Jezi te mouri epi li te leve soti vivan ankò a, konsa tou, se pou n kwè tout moun ki te gen konfyans nan li lè yo te mouri, Bondye va fè yo tounen ansanm ak Jezi.


Se pou Bondye beni w e se pou l ede w konprann ke san Jezi te lave tout peche nou yo!

Amen!Glwa a Dye pou tout tan!



Winzord Louisia
Bachelier en théologie et Licencié en sociologie


Comentários

Postagens mais visitadas deste blog

A escola com que sonhamos é aquela que assegura a todos a formação cultural e científica profissional e cidadã. Jose Carlos Libâneo