Ann dekouvri 10 manti nan konstitisyon 29 mas 1987 la


 Ann dekouvri 10 manti nan konstitisyon 29 mas 1987 la

Kisa yon konstitisyon ye?

Konstitisyon yon peyi se premye lwa peyi a, se manman lwa peyi a.Se konstitisyon an ki gide peyi a.Men pou peyi a byen fonksyone, fò yo aplike manman lwa peyi a.

Moun ap mande pou yo korije  konstitisyon an,mwen menm mwen mande pou yo refè l. Pandan m t ap li kèk bagay nan konstitisyon nan, mwen te rive dekouvri byen rapid10 manti ki nan konstitisyon 29 mas 1987 la. Gen plis manti wi, men mwen note 10 ladan yo e mwen vle pataje yo ak ou zanmi m. Moun konnen w se yon ayisyen konsekan, w ap pran san w ak tan pou w li 10 manti as yo.

Manti nimewo 1.

Atik 1: Peyi d Ayiti, se yon repiblik. Yo pa kapab separe tè peyi d Ayiti ak okenn lòt peyi. Peyi d Ayiti sèl mèt lakay li. Li endepandan. Sitwayen l yo egal ego. Yo fèt pou yo viv lib, nan tèt ansanm, san youn pa kraze lòt, san youn pa fè lòt abi.

Komantè: Peyi d Ayiti pa mèt lakay li.Li depann de èd.Se peyi ki resevwa plis èd.Ayiti endepandan san endepandans. Menm elesyon pou nou fè se entènasyonal la ki pou bay lajan. Se anba lòd  anpil peyi dayiti ye.Pèp la pa lib vre ....

Sa a se premye manti ki egziste nan konstitisyon nan.


Manti nimewo 2.

Atik 2: Koulè drapo peyi d Ayiti, se ble e wouj

Komantè: Drapo ayisyen koulè l se Nwa e Wouj daprè papa nasyon ayisyen na Jean
Jacques Dessalines. 8 oktòb 1804, Dessalines te mete l kòm chèf , li te gen mete non Jacques 1er. Li te mete yon nouvo drapo  nwa e wouj nan dat 20 me 1805. Koulè  sa yo te vle di: Wouj =  Libète epi Nwa = lanmò →  Libète ou lanmò 

Aprè lanmò Dessalines, Ayiti te divize. Kote n te jwenn nan Nò, Henri Christophe Epi nan sida k Lwès te gen Alexandre Pétion. Nan menm ane ke Dessalines te mouri a,nan ane 1806,Alexandre Pétion te refè drapo a epi te mete koulè Ble e Wout, li te mete « L'Union fait la force » et un carré d'étoffe blanche au milieu duquel furent placées les armes de la République ornées du bonnet de la liberté (bonnet phrygien).

François Duvalier, Papa Doc te eli prezidan e l ter adopte drapo Wouj e Nwa a. Se te nan dat 25 me 1964. Aprè lanmò Papa Doc, pitit li ki se Jean-Claude Duvalier te pran plas prezidan an. 10 jou aprè depa Jean-Claude Duvalier, nasyon ayisyen na te adopte drapo Ble e wouj e  yon ane aprè sa nan konstitisyon 29 mas 1987 la, yo te mete Ble ak Wouj kòm koulè ofisyèl drapo ayisyen an.


Manti nimewo 3.

Atik 6: Lajan ki sèvi ann Ayiti, se goud. Goud la divize an santim.

Komantè: Sa a se manti li ye. Li ekri nan papye ke lajan ayisyen se Goud li rele, men nou
plis itilize $ US = dola ameriken,se pa nenpòt dola non.Koprann as byen!

Manti nimewo 4.

Atik 8-1: Okenn lòt peyi pa gen dwa rantre lib, kote ki pou peyi d Ayiti. Yopa gen dwa vann okenn peyi etranje, pa yon ti moso tè peyi d Ayiti. Ni yo pa gen dwa fè, okenn peyi etranje, kado pi piti moso nan tè peyi d Ayiti. Tout papye, tout kontra, tout deklarasyon, tout egleman ki ta fè sa, pa vo anyen.

Komantè: Ayiti se sèl peyi tout lòt nasyon fè sa yo vle ladan l. Nou gen egzanp: Dosye Guy Philippe la ak anpil lòt ayisyen ke Etazini al kidnape na Ayiti. Se konstitisyon ki di ke okenn lòt peyi pa gen dwa rantre lib.


Manti nimewo 5.

Atik 26: Lè yo arete yon moun, yo pa gen dwa kenbe l nan prizon plis pase karantuit (48) è d tan depi yo te arete l la, san yo a mennen l devan yon jij. Jij la va deklare si yo te arete moun nan legal, e li va bay bon rezon ki fe li deside, se pou yo kenbe moun nan.

Komantè: Nou konnen byen ke anpil anpil moun nan prizon san jije, yo bliye yo.

Manti nimewo 6.

Atik 32: Nimewo 32: Leta dwe degaje l pou tout moun jwenn bon fòmasyon pou fè kontwole, si yo respekte dwa sa a. Se yon dwa tout moun genyen ni pou lespri yo an fòm, ni pou kò yo an fòm. Ni pou yo kapab aprann mache dwat, nan lavi a. Ni pou yo kapab aprann byen viv, youn ak lòt. Ni pou yo kapab aprann travay nan avantaj peyi a. Ni pou yo kapab gen yon bon metye nan men yo.

Atik 32-1: Bon fòmasyon pou tout sitwayen, sou kont Leta ak moun ki alatèt chak zòn peyi a. Se pou yo rive mete lekòl gratis pou tout moun. Se pou yo kontwole si moun k ap fè lekòl yo, alawotè, ni pou lekòl Leta, ni pou lekòl prive.

Atik 32-2: Premye travay Leta, ak moun ki alatèt chak zòn peyi a, se fè yon jan pou tout moun rive al lekòl. Se sèl jan yo va kapab mete peyi a sou wout pwogrè vre. Tout moun ki vle bay konkou nan travay sa a, fèt pou yo jwenn ankourajman ak avantaj nan men Leta.

Atik 32-3: Tout timoun dwe fè klas primè yo. Lalwa va di ki pinisyon yo prevwa lè sa pa fèt. Leta dwe bay elèv lekòl primè tout liv ak tou sa ki nesesè pou yo aprann, gratis.

Komantè: Leta pa peye pwofesè yo, gen anpil lekòl ki pa menm gen kote pou timoun yo chita,edikasyon na pa gen kalite...

Manti nimewo 7.

Atik 35-1: Tout anplwaye, kit se anplwaye Leta, kit se pa anplwaye Prive, fèt pou yo touche yon lajan ki korèk, kòm salè. Yo fèt pou yo gen rekreyasyon nan travay yo. Chak ane, yo fèt pou yo gen vakans peye, ak yon boni, kidonk yon mwa salè an plis.

Komantè: Manman m gen plis pase 20 lane li pa janm gen konje oubyen vakans chak lane.

Manti nimewo 8.

Atik 191: Konsèy elektoral ki la nèt la anchaje òganize tout afè eleksyon, e li anchaje kontwole tout afè eleksyon nan tout peyi a, jis jou yo bay rezilta vòt la, san li pa sou zòd pèsonn.

Atik 191-1: Se li ki prepare pwojè-lwa pou eleksyon. Lè fini, li remèt moun ki gen pouvwa dirije peyi a, pwojè-lwa a, pou yo fè tout sa ki nesesè.

Atik 191-2: Li kontwole si lis non moun ki gen dwa vote yo, toujou an fòm.

Komantè: Konsèy elektoral ki la nèt la oubyen Konsèy elektoral pèmanan as poko ka egziste nan peyi d ayiti paske yo vle nome moun pa yo, jan yo vle, lè yo vle, fason vle. Pou sa, yo pale de Konsèy elektoral pwovizwa. Se yon ti gwoup mafya ki chita la pou kraze peyi a ak fo rezilta nan eleksyon yo pandan y opa respekte vòt pèp la . Gen anpil egzanp sou zafè rezilta tèt chaje.

Manti nimewo 9.

Atik 209: Leta fèt pou l bay, ni inivesite d Eta d Ayiti a, ni lekòl siperyè Leta yo, lajan yo bezwen pou yo mache epi pou yo fè bon jan pwogrè. Kote yo mete yo, ak jan pou yo òganize yo, tou sa dwe fèt yon fason pou tout yon zòn mache nan wout pwogrè toutbon.

Atik 210: Yo dwe ankouraje moun fòme sant pou yo chèche tout mwayen pou lasyans fè pwogrè.


Komantè: Pa gen sant de rechèch. Nou plis fome nan teori men nan pratik se zero.Pran men w Leta!


Manti nimewo 10.

Atik 211: Anvan pou inivèsite ak lekòl siperyè prive kòmanse mache nan peyi a, fòk yo jwenn pèmisyon pou sa, nan men konsèy inivèsite d Eta a. Men lòt kondisyon toujou: se Ayisyen ki dwe kontwole pi fò lajan ki nesesè pou inivèsite ak lekòl siperyè prive yo mache. Pi fò pwofesè yo tou, dwe Ayisyen. Pi fò kou yo, dwe fèt nan lang ofisyèl peyi a.

Komantè: Anpil inivèsite bòlèt,pa gen pyès kontwòl. Anpil anpil inivèsite ap fonsyone san pèmisyon.




                              Winzord Louisia
Bachelier en téologie et etudiant en sociologie



Comentários

Postagens mais visitadas deste blog

Poukisa Jezi te mouri?

A escola com que sonhamos é aquela que assegura a todos a formação cultural e científica profissional e cidadã. Jose Carlos Libâneo